Ou ka renmen manmanw, papaw men pa plis pase BONDYE
Ou ka zèm mennaj ou, madanm ou, mariw men pa plis pase BONDYE
Paskel se Jehovah jire
Abraham te gon sel pitit nan laj aje
Men se li BD te mande poul sakrifye
Lèl resevwa lód lá wi li te atriste
Men kanmèm li te mache
Paskel pa ka renmenl plis ke BONDYE
Ou ka bay tout tanw a travay ou lekol ou men pa plis pase BONDYE
Ou ka bay enpotans ak yon kay yon machin ou yon biznis men pa plis pase BONDYE
Simon Pierre se pwason li te konn peche
Petet se ladann pou lakay manje
Epi Jezi te dil swiv li, wi li etone
Men li lage filè a li swiv li san pale
Tout bagay ki sou tè a gen pou pase
Men se sèl parol BD ki la pou letenite
Pa bliye ou gon syel a ganye
Ni tou ou gon lanfè a epanye
Celui qui persevera jusqu'a lá fin sera sauver
Se sa ki di daprè parol BONDYE
E son bagay ke nou dwe respekte
Ou menm zanmi se vre lavi se ou lap bouskile
Move van mizè se ou lap souflete
Chak pwoblem nan tèt ou son grenn cheve
Zanmi fanmi bow do se ou yap choute
Kotew pase se soufrans se ou yap meprize
Menm lanati ak moustik avèw yo bouke
Siw pran sant aransó c kay vwazin nan lap chode
Telman afèw pa bon ou nan malsite
Men rete fèm byento etwal paw la pral briye
Nan yon ti tan pa tro lwen ou pral trionfe
Paske se sou kont BD ou ye
Li pap janm bliyew nan pla menl nonw grave
Konnya yo pa menm konn nonw pou yo rele
Ki dire adres ou ak telefon ou pou yo ta sone
Men kitem diw AK BD sa pral chanje
Yon jou se ou tout je pral fikse
Yap menm vle pranw pou yon laisser passer
Telman wap enpotan pou yo tankou souf yap respire
Se pou sa nan laviw Jezi dwe prime
Ouvè tout kèw ba li e kitel regne
Paske se sèl li ki ka levew an dignite
Fèw chita pami gran nan wayóm ke lap gouvene
Donk pran kouraj frèm sèm moman nwa ou a gen pou pase
E nou gon esperans kanmèm fok li rive
Kote dènye jou ak li nou pral sieger
Jou sa kote pwoblem, soufrans ak kalamite
Maladi lanmó grangou youn pap egziste
Men se lajwa, lapè, lanmou tout bon vre
Adorasyon ak louange pou li san rete
Se pou sa nanm ou ak pesonn kew pa dwe negosye
E anyen nan mond sa pa dwe plis enpotan pu u pase BONDYE
Mezanmi male djakout mwen chaje
Abitan pa mize lavil fóm al bouske
Rete fèm jiskobou, se pouw kenbe
E vers la croix jew dwe fikse