Nous les six freres et soeurs pour la vie
Malgre mizè a te red nan kò yo, elas yo pat gen lechwa
Afeksyon ak vwa yo mte renmen e se sak te atirem
Lè papam te fèk aprann nouvel la li dil pran nan twa wa
Poul konbat nouvo experians sa kel pral fé
Pastel konnen depil boule bwa fol fè chabon
Fanmi ak zanmi gentan fè tèt li men grosè
Yo dil si sa pa mache yap bal yon boutèy
Yo dil li tro jeune se kase kou sa sèk
Men li pat koute youn pou aprè poul pa an dèy
Se soti bone antre byen ta ak bouret li lap bouske
Mache apante tt ti riyèl ak katye ap pran move jan
Li reziyenl paskel konnen li gen reponsabilite
Malgre vant ap monte li oblije nan lave poul fè ti kòb
E menm desfwa li met panyenl sou tèt lal promennen chabon
Paskel konnen fol ede nèg li ki pa ka jwenn yon bon djób
Tèt papam cho manmanm a tranche yo te nan jaden
Li oblije rele bòs poulen grennen pote fèy bwa
Se la li pouse yon bel pitit gason anba yon seren
Yo di si yo te fè avotman ala yo tap regret
Gade yon bel bb BD ba yo ki pral vinn yon gro jennjan
E yo pral fè edikasyonl sou li pou vwazinaj pa vinn lonje dwèt
Paranm te responsab ni yo pat pè pwoblèm
Pa pansem se Jezi paskem pat fèt nan yon pak bèt
Yo te met fos nan febles yo jiskaske yo fèm
Siw pa ka rete kòm nou damou se mèt kapot zanmi
Pou aprè pou pa gen kriye ni diw pa gen chans
Paske fow aksepte gròs la menm janw te aksepte tòtòt la tifi
E mw kanpe poum di non ak avòtman pa vinn brize kèl
Poze sanw tann lew byen prepare pouw pa vinn met moun nan chagren
Ni pou demen pou pa gen anteman nan plas mariaj pou pa gen rèl